Nan dènye konfwontasyon ki te genyen nan chanpyona ayisyen an, Juventus des Cayes te gen anfas li youn nan ekip referans D1 ayisyen an Violette AC. Pandan youn t ap lite pou gen rezon sou lòt nan kloti faz regilye a, Juventus des Cayes te pwofite bay chans ak nouvo talan alòske Tig yo te pwofite okazyon sa pou montre efikasite ki gen nan ban defans lan.

Fas yon Violette ki te akonpanye ak yon defans bout fè, Juventus ki pa t gen prezans Peterson Seïde ki se sèvo ekip la anndan tèren an, te pwofite okazyon sa pou bay chans ak Casimir Kerby e Wagnac Kens 2 jèn talan ki pwouve dirijan yo kapab konte sou yo pou avni ekip la. Gras ak yon bèl pèfomans, Casimir enpoze anndan tèren an pandan match sila, sa te te diminye absans mayestwo ekip la nan
rankont sa ki te mete chanpyon an tit la fas vye Tig yo. Pandan echanj boul la, te gen yon animasyon ofansif bò kote Solo yo nan fason yo t ap fè balon an pase nan tèren pou eseye bay bout tèren ak ble e blan yo ki te montre kapasite defansif yo genyen an.
Men pou montre sa pa anyen, klèb Violette AC a te gen yon plasman ki montre a klè si yo pa kapab jwenn balon an e atake Juventus, balon an p ap pase pou rive sou gadyen an. E pandan plizyè fwa, jwè Juventus yo eseye konstwi jwèt la depi nan mwatye tèren yo a, pou wè koman yo te kapab destabilize Tig yo. Malerezman pou yo, sou plizyè tantativ yo fè swa nan long bal, pas nan do defans oubyen sant, sa pa t rive poze pwoblèm akoz bon pozisyfnman vizitè yo.
Pandan match lan, ekip Violette la ki pa t pran tan pou konprann li p ap fasil pou yo enpoze stil jwèt yo a, te eseye itilize pas long pou alimante atakan yo. Men avèk yon Victor Emmanuel, Seraphin Jachaziel, Fede Makentoch e Saint Fleury Andelson, koze pou balon an te rive a destinasyon an pa t posib swit ak entèvansyon yo pou te anpeche ekip yo ankese epi fini ak match nil 0-0 a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou