Defansè ayisyen an Jean Kevin Duverne ki pa t jwe foutbòl depi 30 oktòb la akoz blesi retounen foule tèren pou ekip li KAA Gent ayè 3 desanm lan nan Koup Bèljik la.
Defansè ayisyen 28 lane a te rantre nan 76èm minit match la kont ekip Cercle Brugges la. Match la te 2-1 pou KAA Gent.
Jean Kevin Duverne patisipe nan kalifikasyon ekip li pou kadefinal Koup Bèljik la lè yo bat Cercle Brugges 3-1 an deplasman.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou