Sezon 2025-2026 la pote yon gwo chanjman nan fason Ayiti ap chwazi reprezantan li nan konpetisyon entènasyonal yo. Lig Ayisyèn Football (LHF) mete nouvo kritè ki pi klè, pou detèmine kiyès ki pral patisipe nan Caribbean Cup la ak Caribbean Shield lan. Men kijan klèb yo ka jwenn plas yo.
Pou premye fwa nan listwa chanpyona nasyonal la, LHF tabli yon mòd seleksyon byen klè pou klèb ki pral pote drapo Ayiti nan konpetisyon rejyonal yo. Daprè nouvo règ yo, reprezantan Ayiti nan Caribbean Cup ap soti nan match final espesyal yo rele Chanpyon tout chanpyon yo (Champion des Champions).
Match sa a ap mete fas a fas chanpyon seri Ouvèti a ak chanpyon seri Kloti a, ekip ki ranpòte l la vin otomatikman reprezantan peyi a nan Caribbean Cup la. Nan ka kote menm yon sèl ekip la ranpòte tou de (2) seri yo, Ouvèti ak Kloti, LHF p ap fè match. Ekip la vin Chanpyon tout Chanpyon yo dirèk.
Pou detèmine kiyès ki pral nan Caribbean Shield, se ekip ki pèdi final chanpyon tout chanpyon yo (Champion des Champions) ki pral jwe li. Men si pa gen twofe sa, nan ka yon ekip pran tou de (2) seri yo. Lig la prevwa yon lòt rankont ant de vis-chanpyon yo. Sa vle di de (2) ekip ki te pèdi final chak seri yo, pou chwazi dezyèm reprezantan Ayiti a sou sèn entènasyonal la.
Nouvo pwosesi sa a mete klèb yo nan yon konpetisyon ki gen plis "challenge", paske chak seri gen yon enpak dirèk sou patisipasyon entènasyonal yo. Yon ekip pa ka konte sou pwen yo sèlman, fòk li rive nan tit oswa nan pozisyon final ki ouvè pòt pou tounwa Karayib yo. Sa kreye yon chanpyona ki pi dinamik, kote chak match gen enpòtans, kote jwèt la pran plis valè taktik.
Avèk nouvo règ sa yo, LHF mete plis transparans nan fason Ayiti chwazi reprezantan li yo, epi klèb yo tou yo menm gen kounye a yon wout presi pou rive jwe nan gwo sèn rejyonal la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou