Finalissima se yon match inik ki mete chanpyon Copa America a fas chanpyon Ewòp la. Pou dezyèm edisyon an match sila ap mete Ajantin fas peyi Espay. Men rete yon gwo dout sou ki kote rankont sa a ta dwe fèt.
Final ant chanpyon Copa America a ak chanpyon Ewòp yo, anpil pale sou ki kote match la dwe fèt. Espay vle fè l lakay li, Ajantin li menm tou vle fè l lakay li.
Anvan sa, se peyi Kata ki te dwe resevwa match la, men akoz konfli Iran ak Etazini fè Kata pa yon kote ki asire pou match la ta jwe. Pou remedye ak sitiyasyon sa UEFA poko deside sou nouvo peyi ki ta dwe resevwa rankont lan.
Toujou nan yon fason pou chache yon nouvo tèren, UEFA te pwopoze Santiago Bernabéu (estad Real Madrid la) men CONMEBOL la ki se enstans ki ap jere foutbòl nan sid amerik la poko aksepte ak desizyon sa a. Pandan tan sa, prezidan federasyon Ajantin Claudio Tapia li menm tou montre dezakò li ak pwopozisyon UEFA a.
Claudio Tapia fè konnen : nou pral mete nou sou travay. Espay vle pou final la fèt lakay li, men mwen menm mwen vle li fèt an Ajantin nan Monumental la".
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou