Pandan klèb Premier League yo t ap taye banda nan faz gwoup la, bagay yo mangonmen nan 8èmdefinal Champions League la. Chanpyona anglè a te voye 6 ekip reprezante l, tout 6 ekip yo te jwenn biyè kalifikasyon yo pou 8èmdefinal la. Men bagay yo pa pote bon nouvèl pou yo.
Chanpyona anglè a parèt lèd nan faz ale 8èmdefinal Champions League la. Okenn nan 6 ekip Premier League yo pa fè viktwa.
Arsenal, Manchester City, Tottenham, Liverpool, Newcastle ak Chelsea se 6 ekip ki reprezante chanpyona anglè a nan Champions League la. Bilan yo pa bon nan bouch klèb Premier League yo pou faz ale a. Sou 6 ekip sa yo, yo fè zero viktwa, 4 defèt ak 2 match nil.
Sou 6 match sa yo, yo pran 16 gòl yo bay sèlman 7 gòl. Yon sitiyasyon deplorab pou nivo chanpyona anglè a ki poko konn si li ap gen ekip nan kadefinal Champions League la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou