UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Arsenal rive nan final Champions League la an patwon

imaj atik la

05 me 2026   Benswilkenson Jean   1156

Gunners yo ateri nan final Champions League la aprè 20 lane depi yo te rive nan nivo sa. Pou sezon sa a yo rive nan final san yo pa pèdi yon grenn match nan Champions League la. Dènye fwa Gunners yo te rive nan final Champions League se nan lane 2006. Yo te pèdi l kont FC Barcelone 2-1.


Ane sa a Mikel Arteta fè yon gwo travay ak pwoteje l yo kote yo ateri nan final la san okenn ekip pa mete do yo atè. Pou rive nan final la, Arsenal jwe 13 match yo pa pèdi youn menm.

Nan faz gwoup la yo fè 8 viktwa sou 8. Yo te bay 23 gòl yo pran sèlman 4. Rive nan 8èmdefinal yo te kwaze ak Bayer Leverkusen. Nan match ale a yo te fè 1-1 epi nan retou a li pase Leverkusen 2-0. Tonbe nan kadefinal, Gunners yo te tonbe sou Sporting CP. Yo bat yo 1-0 nan match ale a epi nan retou a yo fè 0-0.

Nan demi final yo te tonbe sou klèb espanyòl la Atletico Madrid, yo te fè 1-1 nan match ale a epi yo bat 1-0 nan match retou a. Sa ki fè yo kalifye pou final Champions League 20 lane aprè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou