FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Federasyon Wayal Bèlj Foutbòl RBFA konteste desizyon FIFA sou Folarin Balogun

imaj atik la

6 jiyè 2026   Gamarck Antoine   14192

Federasyon Wayal Bèlj foutbòl la (RBFA) deklare li pa resevwa « okenn desizyon ni okenn eksplikasyon » nan men FIFA konsènan men leve FIFA bay atakan ameriken Folarin Balogun. Pou rezon sa, li deside konteste patisipasyon jwè a nan match 1/8final Koup Dimond lan ki pwograme pou jodi lendi a.


« Jiska prezan, Federasyon Wayal Bèlj foutbòl RBFA pa resevwa okenn desizyon ni okenn eksplikasyon nan men FIFA sou dosye sa. Kidonk, pa gen lòt chwa pase konteste kalifikasyon jwè a pou match la », se sa Federasyon Wayal Bèlj Foutbòl lan fè konnen nan yon kominike.

Federasyon Bèlj la demanti enfòmasyon k ap sikile kòmkwa li ta fè yon apèl ofisyèl. Li presize aprè li te pran konesans desizyon Komisyon disiplin lan, li te voye yon lèt bay FIFA pou mande yon kopi desizyon an ansanm ak eksplikasyon sou pwosedi ki te suiv pou leve sispansyon atakan an, ki te resevwa yon katon wouj nan match anvan an.

« Nan sèl repons FIFA bay la, yo voye yon lèt bay RBFA kote yo fè konnen yo konsidere korespondans lan kòm yon apèl, yo nonmen yon jij, epi RBFA sèlman gen kèk èdtan pou li konplete pwosedi apèl la », se sa federasyon bèlj la ajoute.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÃ’ME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou