Desizyon FIFA pran pou anile sispansyon atakan ameriken Folarin Balogun pandan Koup Dimond 2026 la kontinye pwovoke gwo polemik. UEFA, ansanm ak plizyè federasyon ak figi enpòtan nan foutbòl la denonse sa yo konsidere kòm yon vyolasyon règ ki menase kredibilite konpetisyon an.
Nan yon deklarasyon ki pa pase pa kat chemen, UEFA fè konnen FIFA "depase liy wouj la" lè li otorize Balogun jwe malgre katon wouj li te resevwa nan 16èmdefinal la kont Bosni-Èzegovin.
Daprè UEFA, règ yo klè: nenpòt jwè ki resevwa yon katon wouj dwe otomatikman rate omwen yon match. Òganizasyon an ensiste règ sa a pa ka chanje selon sikonstans oswa selon moun ki konsène.
Balogun te ekspilse aprè li te mache sou janm defansè bosnyen Tamarik Muharemovic. Aprè match la, li menm te deklare li te aksepte desizyon abit la. Men, kèk jou aprè, FIFA leve sispansyon an epi pèmèt li patisipe nan uityèmdefinal la kont Bèljik.
Pou UEFA, desizyon sa a pa sèlman kraze prensip egalite ant ekip yo, men li kreye tou yon presedan ki ka afekte tout rès tounwa a.
Jürgen Klopp: " Foutbòl la se pou nou li pa pou yo"
Ansyen antrenè Liverpool la, Jürgen Klopp, pa t kache kòlè li. Li deklare: "Foutbòl la se pou nou, li pa pou yo."
Klopp estime si gen nenpòt enfliyans politik dèyè desizyon an, sa reprezante yon gwo danje pou entegrite foutbòl la. Li raple menm lè yon abit fè yon erè, règ yo dwe respekte.
Thomas Tuchel mande plis transparans
Seleksyonè Angletè a, Thomas Tuchel, di li pa konprann fason FIFA jere dosye a. Li mande kiyès ki gen pouvwa pou anile yon katon wouj ki te deja valide pa VAR ak abit la. Li avèti si yo kòmanse retire sanksyon pou kèk jwè, sa ka louvri pòt pou anpil lòt kontestasyon nan lavni.
Federasyon yo pa kite dlo nan bouch yo nonplis
Prezidan Federasyon Italyèn nan, Giovanni Malago, kalifye desizyon an kòm yon mezi ki gen "gou politik" epi li avèti li ka kreye yon presedan ki trè danjere.
Federasyon Alman an, atravè prezidan li Bernd Neuendord, mande FIFA bay tout eksplikasyon sou dosye a, sitou aprè enfòmasyon ki fè konnen Prezidan ameriken Donald Trump te pale ak Prezidan FIFA a, Gianni Infantino, anvan sanksyon an te leve.
Sepp Blatter ki se ansyen prezidan FIFA deklare " Foutbòl pa dwe sou presyon politik"
Ansyen prezidan FIFA a, Sepp Blatter, kritike desizyon an tou. Li fè konnen katon wouj pa ta dwe janm anile anba presyon politik.
Daprè li, si yon entèvansyon politik rive chanje yon desizyon disiplinè pandan yon Koup Dimond, sa mete kredibilite FIFA ak entegrite foutbòl mondyal la an kesyon.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou