ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY Lòt

Lòt

Antrenè espanyòl yo pran kontwòl foutbòl ewopeyen an

imaj atik la

8 me 2026   Steve Pierre   987

Pandan sezon foutbòl ewopeyen an ap antre nan moman ki pi desizif li yo, yon reyalite ap frape tout obsèvatè yo nan je : lekòl foutbòl espanyòl la ap gouvène Ewòp la ak yon men fèm. Kit se nan Ligue Des Champions an, Europa League la oubyen Conference League la, non antrenè espanyòl yo parèt toupatou nan dènye faz gwo konpetisyon UEFA yo.


Sou uit (8) antrenè ki rive nan final, kat (4) gwo konpetisyon ewopeyen yo, Ligue Des Champions gason ak fanm, Europa League ak Conference League genyen sis (6) ki sòti an Espay. Yon dominasyon ki montre fòs metodoloji panyòl la nan foutbòl modèn nan.

Nan Ligue Des Champions gason an, de (2) gwo figi espanyòl ap fè anpil bri. Se ka a ak Luis Enrique, ki rive mennen PSG nan yon lòt final ewopeyen gras ak yon jwèt kolektif ki byen òganize ak tranzisyon rapid ki fè anpil dega. An menm tan, Mikel Arteta kontinye ekri yon bèl paj nan listwa Arsenal, pandan li remete klèb londonyen an nan tèt foutbòl ewopeyen an aprè plizyè lane absans nan elit la.

Nan Ligue Des Champions fanm nan, dominasyon an menm pi vizib toujou. Pere Romeu Sunyer ap kontinye fè FC Barcelone briye ak filozofi tiki-taka a, epi Jonatan Giráldez ap konfime fè valè lekòl teknik panyòl la nan foutbòl medam yo, pandan li mennen ekip Melchie Dumornay a nan yon final.


Nan Europa League la, eksperyans Unai Emery a kontinye pale fò. Konsidere kòm youn nan pi gwo espesyalis konpetisyon sa a, teknisyen espanyòl la ap kontinye fè Aston Villa franchi etap enpòtan sou sèn ewopeyen an. Disiplin taktik li, kapasite li pou adapte jwèt li ak advèsè yo, ansanm ak jesyon gwoup li, fè li toujou rete yon referans.

Nan Conference League la tou, Espay gen reprezantan li avèk Iñigo Pérez, ki rive mete Rayo Vallecano nan mitan ekip ki pi konpetitif yo sezon sa a. Travay li fè ak ekip madrilèn nan se youn nan pi gwo sipriz sezon an.

Nan mitan dominasyon panyòl sa a, sèlman de (2) antrenè rive reprezante lòt nasyon yo : Alman an, Julian Schuster ak Otrichyen an, Oliver Glasner. De teknisyen sa yo pral gen gwo misyon pou eseye kraze dominasyon sa epi anpeche Espay ranmase majorite twofe ewopeyen yo sezon sa a.

Siksè sa a pa rive pa aza. Depi plizyè lane, Espay devlope yon filozofi foutbòl ki baze sou posesyon boul, entèlijans taktik, mouvman kolektif ak fòmasyon teknik. Rezilta yo ap parèt jodi a nan pi gwo klèb Ewòp yo.

Anplis gwo jwè li toujou pwodwi, Espay vin tounen yon vrè faktori antrenè klas Mondyal. Luis Enrique, Arteta, Emery oswa Giráldez chak gen pwòp estil pa yo, men yo tout sòti nan menm baz taktik ki mete refleksyon ak kontwòl jwèt la an premye plan.

Pandan final yo ap pwoche, kesyon an rete menm jan an : èske yon lòt nasyon ap rive mete fren nan dominasyon espanyòl sa a? Pou kounye a, tout siy montre mayestwo yo byen pati pou make sezon ewopeyen an ak anprent yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou