BREZILSerieASerieBBrazilCupLòt
AKÈY BREZIL Lòt

Lòt

Federasyon foutbòl Brezil la pran yon gwo desizyon ak Ancelotti lavèy Mondyal la

imaj atik la

15 me 2026   Steve Pierre   518

Ayè, federasyon brezilyen foutbòl la (CBF) fè yon gwo deklarasyon avan pwochen Koup Dimond lan lè li deside pwolonje kontra seleksyonè italyen an, Carlo Ancelotti. Desizyon sa montre responsab yo toujou kwè nan pwojè teknisyen eksperimante a malgre presyon ak gwo atant ki toujou genyen bò kote Seleção a.


Depi me 2025, lè ansyen antrenè Real Madrid la pran tèt ekip nasyonal Brezil la, li deja dirije 10 match. Nan bilan sa a, li ranpòte 5 viktwa, fè 2 match nil ak pèdi 3 match, kont : Lafrans, Japon ak Bolivi. Menm si rezilta yo poko twò bon, federasyon an konsidere travay li ap fè a kòm yon baz solid pou prepare ekip la anvan pi gwo konpetisyon entènasyonal la.

Pwolongasyon kontra sa a voye yon mesaj klè : Brezil vle estabilite sou ban teknik la. Aprè plizyè lane kote seleksyon an te souvan ap chanje direksyon, CBF la chwazi mete konfyans li nan eksperyans Carlo Ancelotti pou konstwi yon ekip ki kapab retounen sou tèt foutbòl Mondyal la.

Ancelotti, ki deja genyen tout gwo tit posib nan foutbòl klèb la, gen gwo misyon pou ede Brezil rekonekte ak glwa li yo sou sèn entènasyonal la. Avèk eksperyans li nan jere gwo jwè ak gwo presyon, anpil obsèvatè wè pwolongasyon sa a tankou yon mouvman estratejik anvan Mondyal 2026 la.

Kounye a, tout je pral fikse sou fason teknisyen italyen an ap kontinye bati Seleção a, epi wè jis kibò l ap rive nan Koup Dimond lan k ap kòmanse nan mwens pase yon mwa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou