AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Woodson Félix pran direksyon Pòtigal

imaj atik la

3 novanm 2026   Steve Pierre   650

Jèn foutbolè ayisyen an, Woodson Félix, jwè Real Hope Football Academy, kite peyi a, ayè lendi 2 novanm 2026 lan pou l al fè yon estaj obsèvasyon pandan de (2) semèn nan CF Estrela, yon klèb ki baze nan Amadora, nan peyi Pòtigal. Li pral travay ak ekip U23 klèb la.


Woodson Félix, ki gen 17 lane, sòti Limonad, nan depatman Nò peyi a. Li evolye kòm elye gòch. Jèn jwè a te fè pati seleksyon U17 la ki te jwe Mondyal la lane pase.

Estaj sa a reprezante yon bèl opòtinite pou jèn entènasyonal ayisyen an montre kapasite li, dekouvri yon lòt anviwònman foutbòl epi kontinye fè pwogrè nan karyè li.

Pandan de (2) semèn sa yo, Woodson ap gen okazyon pou l konfwonte ak egzijans foutbòl Ewopeyen an epi fè responsab teknik CF Estrela yo dekouvri talan li.

Se yon nouvo eksperyans pou jèn jwè Real du Cap la, ki gen devan li yon bèl okazyon pou l franchi yon lòt etap nan devlopman li kòm foutbolè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )