ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Pandan Manchester City ap pèdi plim, Arsenal li menm ap pran vanse nan Premier League la

imaj atik la

14 mas 2026   Benswilkenson Jean   820

Chanpyona anglè a rive nan yon moman desizif pou konnen kiyès ki ap pran tit chanpyon an ane sa a. Arsenal ki pa manyen twofe sa a depi 2004 sou 22èm ane l depi li ap chache pran l. Pandan Cityzens yo sou 2 lane depi yo te chanpyon.


Se pou premye fwa depi anviwon 5 lane kous chanpyon Premier League la pa sere ditou nan faz sa nan chanpyona a. Avèk viktwa Gunners yo nan 31èm jounen an kont Everton sa mete yo ak 9 pwen anplis Manchester City nan tèt klasman an pandan Manchester City gen yon match anreta.

Rete sèlman 7 jounen pou Gunners yo konnen finalman si se yo ki ap leve twofe Premier League la sezon sa aprè 22 lane ap tann. Nou ap raple Arsenal chanpyon Premier League la 13 fwa deja.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou