Chanpyona anglè a rive nan yon moman desizif pou konnen kiyès ki ap pran tit chanpyon an ane sa a. Arsenal ki pa manyen twofe sa a depi 2004 sou 22èm ane l depi li ap chache pran l. Pandan Cityzens yo sou 2 lane depi yo te chanpyon.
Se pou premye fwa depi anviwon 5 lane kous chanpyon Premier League la pa sere ditou nan faz sa nan chanpyona a. Avèk viktwa Gunners yo nan 31èm jounen an kont Everton sa mete yo ak 9 pwen anplis Manchester City nan tèt klasman an pandan Manchester City gen yon match anreta.
Rete sèlman 7 jounen pou Gunners yo konnen finalman si se yo ki ap leve twofe Premier League la sezon sa aprè 22 lane ap tann. Nou ap raple Arsenal chanpyon Premier League la 13 fwa deja.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou