ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ Lòt

Lòt

Arsenal pèdi yon premye batay fas Manchester City pou sezon an

imaj atik la

22 mas 2026   Benswilkenson Jean   471

Gunners lonn yo jwe final Carabao Cup la jodi dimanch 22 mas la fas dofen yo nan Premier League la Manchester City. Yo pèdi match la 2-0 fas Cityzens yo.


Pandan kous Premier League la nan avantaj ekip Arsenal la, jodi a yo t ap jwe final Carabao Cup la nan peyi Angletè. Final sa te mete yo fas pou fas ak ekip ki ap batay pou tit chanpyon an nan Premier League la avèk yo ki se Manchester City.

Nan okazyon match sa a, Guardiola ki apèn sot elimine nan 8èmdefinal Champions League la fas ekip Real Madrid la, te gen obligasyon pou fè fanatik li yo souri fas Gunners yo. Yon okazyon antrenè espanyòl la pa t manke lè li genyen Arsenal 2-0 gras ak yon double O'reily nan 60èm ak 64èm minit. Match sila a te fèt nan Wembley Stadium lan, estad seleksyon anglèz la toujou resevwa match. Se Peter Banks ki te ofisye responsab pou dirije match la.

Manchester City pwofite pran 8èm twofe EFL Cup li pandan Arsenal li menm rate posiblite pou pran 3èm twofe EFL cup pa li.

Arsenal rete sèl kous Premier League la ak FA Cup la pou l pran si l vle vanje defèt sa fas Manchester City. N ap raple Arsenal gen 70 pwen nan Premier League la pandan Manchester City gen 61 pwen ak yon match an mwens nan Chanpyona anglè a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou