ANGLETÈ   PremierLeague   Championship   FACup   Lòt  
AKÈY ANGLETÈ FACup

FACup

Arsenal pran bwa kale nan men yon ekip 4èm divizyon

imaj atik la

27 oktòb 2027   Benswilkenson Jean   775

Gwo eskandal nan peyi Angletè nan kad 4èm jounen EFL CUP la. Gunners lonn yo tonbe nan seyans penal devan yon ekip katriyèm divizyon.


Nan yon konba ki te mete ekip Arsenal la fas pou fas kont ekip Fleetwood la, Gunners yon tonbe nan seyans chout penalite (5-3).

Fleetwood Town FC se yon klèb ki twouve l nan League Two a (4èm divizyon) nan peyi Angletè. The Trawlermen yo ki fonde nan lane 1908 kreye gwo sipriz lè yo mete do chanpyon an tit Premier League la Arsenal atè nan 4èm jounen EFL Cup la.

Pou match sa pwoteje Mikel Arteta yo te an deplasman, depi nan premye mitan ekip Fleetwood la mennen 1-0 sou yo depi nan 21èm minit gras ak Aaron Loupalo-Bi.

Gunners yo ta pral reponn nan dezyèm mitan an sou pye atakan syedwa a Viktor Gyokeres nan 50èm minit. Ekip Fleetwood la te kenbe tèt ak Arsenal epi mennen yo nan seyans tiwobi.

Rive nan Tiwobi ekip katriyèm divizyon an reyisi tout 5 penalite pa l pou mete do Arsenal atè. Pou Arsenal mitan tèren brezilyen an Guimaraes te rate.

N ap raple ekip Fleetwood la twouve l nan 18èm plas klasman 4èm divizyon an nan peyi Angletè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )