ALMAYBundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt
AKÈY ALMAY Lòt

Lòt

Michael Olise pa sispann krache dife

imaj atik la

20 janvye 2026   Steve Pierre   693

Vandredi 17 janvye 2026 pase, Bayern Munich te an deplasman sou teren RB Leipzig, nan Red Bull Arena a, pou 18èm jounen Bundesliga a. Nan yon match ki te difisil, Michael Olise te antre kòm ranplasan epi li vin tounen gwo ewo rankont lan, ak yon pèfòmans tèt chaje ki konfime gwo bout tonton sezon l ap fè a.


Match la te kòmanse ak anpil entansite. RB Leipzig te pwofite avantaj teren an pou louvri mak la nan 20èm minit lan, epi mete Bayern anba gwo presyon. Bavarois yo pa t dekouraje, yo kontinye peze jiskaske yo rive jwenn egalizasyon an nan 50èm minit.

Nan 56èm minit lan, antrenè Bayern lan fè yon chanjman kle : jèn Lennart Karl kite plas li pou Michael Olise. Depi premye kontak li ak balon an, jwèt Bayern lan pran yon lòt dimansyon. Vitès, vizyon ak presizyon Olise nan dènye pas yo te boulvèse defans Leipzig la.

Rezilta a pa t pran tan : entènasyonal fransè a bay 3 pas gòl epi li make 1 gòl, li vin tounen prensipal atizan dominasyon Bayern nan dezyèm mitan match la. Yon antre nan jwèt la ki montre tout klas ak enpòtans li nan kolektif la. Epi pèmèt klèb Munich lan bat (1-5).

Pèfòmans sa a vini kòm yon lòt prèv sou regilarite Olise. Sezon pase a (2024/25), li te jwe 55 match, make 20 gòl epi bay 23 pas gòl. Pou sezon sa (2025/26), ki poko fini, li deja jwe 28 match pou 13 gòl ak 20 pas gòl sou kont li. Chif sa yo montre tou gwo enpak li nan jwèt Bayern Munich lan.

Fas ak Leipzig, Michael Olise pa t sèlman fè diferans, li te voye yon mesaj klè: li se youn nan pi gwo fòs kreyatif Bayern Munich jodi a. Epitou li se pi gwo elye dwat ki genyen sou sezon an la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou